Pran Tan OPou pou Byen Li gid sa pou Konprann byen kijan pou fe pou Jwen Transfe ou byen rapid

KIJAN POU ITILIZE CASH PAM ?
“Resevwa transfè ou san pedi tan”
🟢 PREZANTASYON CASH PAM
Misyon nou
Lè ou resevwa lajan soti lòt bò dlo, sa pa ta dwe yon pwoblèm. Men chak jou, plizyè milye Ayisyen pase plizyè èdtan devan biwo transfè, pèdi tan yo nan fèl ki pa janm fini.
Cash Pam fèt pou chanje sa.
Platfòm nou an konekte moun k ap resevwa lajan yo ak biwo patnè ki pre lakay yo. Nan kèk klik, ou ranpli yon fòmilè sou entènèt, ou chwazi jan ou vle resevwa lajan an, epi nou fè rès la. Ou pa bezwen tann plizyè èdtan : demann ou an voye dirèkteman nan biwo ki pral sèvi w.
Nou kwè ke chak Ayisyen merite yon sèvis rapid, sekirize, epi ki fasil pou jwenn. Ambisyon nou se kouvri tout peyi a pou, kote ou ye, ou ka resevwa lajan w san estrès, san pèdi tan.
✅ Poukisa chwazi Cash Pam ?
- Rapid : Demann ou an trete nan kèk minit
- Sekirize : Enfòmasyon ou yo pwoteje
- Local : Biwo patnè ki pre lakay ou
- Gratis : Sèvis la gratis pou moun k ap resevwa lajan an
GUID POU ITILIZE CASH PAM (ETAP PA ETAP)
Étape 1 : Ale sou sitwèb la
- Ouvri navigatè ou sou telefòn oubyen òdinatè
- Ale sou : cashpam.biz
Étape 2 : Ranpli fòmilè a
- Mete non w konplè
- Mete nimewo telefòn ou (se isit la yon ajan ap rele w)
- Mete nimewo transfè a (MTCN)
- Chwazi komin w ye a
Étape 3 : Antre kòd biwo a men li pa obligatwa se si selman Ou GEN YON KÒD)
ℹ️ Kisa yon kòd biwo ye ?
Se yon kòd espesyal yon biwo patnè ba ou. Lè w mete l, se biwo sa a k ap sèvi w.
- Si w gen yon kòd biwo : Mete l nan bwat ki make “Kòd biwo”
- Si w pa gen kòd : Kite bwat la vid. Cash Pam ap chwazi yon biwo ki nan zòn ou pou ou. Pa gen pwoblèm, nou fè sa pou ou.
Étape 4 : Chwazi konpayi transfè a
Chwazi konpayi kote yo voye lajan an ba ou :
- Western Union
- MoneyGram
- UniTransfer
- RIA
Étape 5 : Chwazi kijan ou vle resevwa lajan an (TRÈS IMPORTAN)
| Opsyon | Eksplikasyon | Frè |
|---|---|---|
| Nan biwo | Ou pral lajan an nan biwo a. Ou menm ki ale. | Gratis |
| Lakay ou | Yon moun ap pote lajan an lakay ou. | Gen frè (biwo a ap di ou konbyen) |
| Mon Cash | Yo voye lajan an sou kont Mon Cash ou. | Gen frè (biwo a ap di ou konbyen) |
Atansyon ! Chwazi byen kijan ou vle resevwa lajan an.
– Si w vle pa peye frè : chwazi “Nan biwo”
– Si w chwazi “Lakay ou” oswa “Mon Cash” : gen ti frè ou peye
Étape 6 : Voye demann lan
- Klike sou bouton vèt ki make “Voye demann lan”
- Ou pral wè yon mesaj vèt ki di “Mesi paskè w fè nou konfyans”
Étape 7 : Tann apèl la
- Yon ajan nan biwo transfè a pral rele w
- Li pral konfime demann ou an
- Li pral di ou kote pou w ale (oswa lè y ap pote l lakay ou)
Étape 8 : Resevwa lajan w
- Ale nan biwo yo ba w adrès la (oswa tann livrezon an)
- Lajan w ap tann ou
Rezime rapid
| Sa w bezwen fè | Sa k ap pase |
|---|---|
| Ranpli fòmilè a | Yon ajan ap rele w |
| Chwazi jan w vle resevwa lajan an | Lajan w vin jan ou vle l |
| Mete kòd biwo (si w genyen) | Se biwo sa a k ap sèvi w |
| Kite kòd biwo vid (si w pa gen) | Cash Pam chwazi yon bon biwo pou ou |
Sonje byen
- ✅ Mete bon nimewo telefòn ou (se la ajan an ap rele w)
- ✅ Mete bon nimewo transfè a (MTCN)
- ✅ Chwazi byen kijan ou vle resevwa lajan an
- ❌ Si w pa gen kòd biwo, kite bwat la vid. Cash Pam ap chwazi yon bon biwo pou ou
Cash Pam
“Resevwa transfè ou san pedi tan”
cashpam.biz